APRANN AK NOU
Videyo ak prezantasyon piblik
Chwazi yon videyo pou gade li dirèkteman sou website la oswa pataje lyen li ak lòt moun.
The Haitian Tax Academy: Akonpanyeman, Zouti ak Sètifika
Nan The Haitian Tax Academy, akonpanyeman nou kontinye menm apre klas la! Nan videyo sa a, dekouvri sipò nou ofri apre fòmasyon an, zouti ki disponib pou ede w pratike ak devlope konpetans ou, ansanm ak diferan sètifika ki rekonpanse prezans ou, angajman ou, pwogrè ou ak reyisit ou. Nou la pou ede w avanse ak plis konfyans nan preparasyon taks!
Gade videyo a →The Haitian Tax Academy: Premye Pa Ou nan Endistri Taks la
Ou vle aprann prepare taks Ozetazini, men ou pa konnen ki kote pou w kòmanse? Nan videyo sa a, dekouvri The Haitian Tax Academy, metòd ansèyman nou an, ak fason nou ede w konprann preparasyon taks etap pa etap, an kreyòl. Men sa w ap jwenn nan prezantasyon an: ✅ Yon apèsi sou pwogram fòmasyon nou an. ✅ Yon demonstrasyon pratik sou fason nou anseye. ✅ Enfòmasyon sou lojisyèl, egzèsis ak sipò pou elèv yo. ✅ Detay sou sètifika ou ka jwenn pandan fòmasyon an. ✅ Repons pou kesyon ou genyen
Gade videyo a →