“Li pa fasil nan kominote nou an pou jwenn moun kap fè bon travay sa yo , ki bay tout yo minm pou yo edew avanse Mwen fyè poum fè pati de taxe haitien mèsi anpil pou tout bagay.”
Vwa patisipan nou yo
Eksperyans elèv nou yo
Li oswa gade sa patisipan yo di sou eksperyans yo avèk The Haitian Tax Academy, epi pataje pa ou tou.
Temwayaj ekri
Sa kominote nou an ap di
Nou pibliye sèlman temwayaj patisipan yo voye avèk pèmisyon yo.
“Pi bon kote pou moun ki bezwen aprann tax. Mwen fe yon eksperians san parey. Zero reproch.”
“Mwen pagen mo poum dekri kijan bèl ekspryans sa pote anpil pou mwen. Konpetans, serye, inovan ak anpil lot bon bagay mwen eksprerimante. M rekomande tout moun akademi sa a 100%.”
“Ak tout keur m , mwen remesye Coach Samuel ki ap fe yon bon travail nan Haitian konote a.Mw pa regret mm pou yon second ke mwen pran Klass Tax prepared an nan men w.mesi DG pou bon travail wap fè a.”
“Felicitation the Haitian tax academy best lekol tax kap pral vini nan kominote a”
“Se pou premye fwa mwen pran yon klas nan men ayisyen mwen satisfè konsa , m tlman santi mw kontan de Jan yo pran San yo pran tan yo eksplikew klas yo e chak ti detay ki gn nan tax wawwww ou pap regret mw diw sa e li p chè anko m sezi tt sa yo banm pou ti kal lajan mw an e yo tjou disponib pou ou menm apre klas lan fini. M ankourajew Siw vle aprann fil tax ou kpab fè yo knfyans sensèman m p gn anyn poum reproche yo. Haitaintaxacademy.com it’s the best the number one for me it can be for you to.”
“mwen pako rantre nan kou an men santi prezans DG”
Pataje eksperyans ou
Temwayaj ou ka ankouraje yon lòt moun.
Rakonte nou sa ou te aprann, kijan klas la te ede ou, oswa sa ou te pi renmen nan eksperyans lan.
- 1 Ekri temwayaj ou
- 2 Nou revize li
- 3 Nou pibliye li avèk pèmisyon ou
Temwayaj videyo
Ou prefere pale? Voye videyo ou.
Anrejistre yon videyo kout pou rakonte eksperyans ou. Videyo a ap rete prive pandan nou ap revize li.
Temwayaj pibliye
Gade istwa patisipan yo
The Haitian Tax Academy: Akonpanyeman, Zouti ak Sètifika
Nan The Haitian Tax Academy, akonpanyeman nou kontinye menm apre klas la! Nan videyo sa a, dekouvri sipò nou ofri apre fòmasyon an, zouti ki disponib pou ede w pratike ak devlope konpetans ou, ansanm ak diferan sètifika ki rekonpanse prezans ou, angajman ou, pwogrè ou ak reyisit ou. Nou la pou ede w avanse ak plis konfyans nan preparasyon taks!
The Haitian Tax Academy: Premye Pa Ou nan Endistri Taks la
Ou vle aprann prepare taks Ozetazini, men ou pa konnen ki kote pou w kòmanse? Nan videyo sa a, dekouvri The Haitian Tax Academy, metòd ansèyman nou an, ak fason nou ede w konprann preparasyon taks etap pa etap, an kreyòl. Men sa w ap jwenn nan prezantasyon an: ✅ Yon apèsi sou pwogram fòmasyon nou an. ✅ Yon demonstrasyon pratik sou fason nou anseye. ✅ Enfòmasyon sou lojisyèl, egzèsis ak sipò pou elèv yo. ✅ Detay sou sètifika ou ka jwenn pandan fòmasyon an. ✅ Repons pou kesyon ou genyen